| ← Psalms (96/150) → | 
| 1. | Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a! | 
| 2. | Chante pou Seyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou. | 
| 3. | Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo. | 
| 4. | Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo. | 
| 5. | Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la. | 
| 6. | Devan li se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen mèvèy nan kay ki apa pou li a! | 
| 7. | Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen! | 
| 8. | Fè lwanj li paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li! | 
| 9. | Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a! Nou tout ki sou latè, tranble devan li. | 
| 10. | Mache di nan tout peyi yo: Se Seyè a ki sèl wa. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l'. L'ap jije tout moun san patipri. | 
| 11. | Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan. | 
| 12. | Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. Se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan, | 
| 13. | lè Seyè a parèt. Paske, l'ap vini. L'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè. L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt. | 
| ← Psalms (96/150) → |