| ← Psalms (92/150) → |
| 1. | Sòm sa a se yon chante espesyal pou jou repo a. Sa bon nèt pou nou di Seyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la. |
| 2. | Sa bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè sansib, pou chak swa nou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou. |
| 3. | Avèk mizik yo jwe sou enstriman akòd yo, avèk mizik yo jwe sou gita, sa bon nèt pou nou fè lwanj ou. |
| 4. | Paske, Seyè, ou fè kè m' kontan ak bèl mèvèy ou yo, m'ap fè fèt lè m' wè tou sa w'ap fè. |
| 5. | Ala bèl bagay ou fè yo bèl! Seyè, moun p'ap janm ka fin konprann sa ki nan tèt ou! |
| 6. | Se bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann. |
| 7. | Mechan yo ap grandi tankou zèb, moun k'ap fè mal yo ap wè zafè yo mache byen, men yon lè yo tout gen pou disparèt nèt. |
| 8. | Men ou menm, Seyè, ou se Bondye nan syèl la. Ou la pou tout tan. |
| 9. | Paske, Seyè, lènmi ou yo pral mouri. Wi, ou pral gaye tout moun k'ap fè mal yo. |
| 10. | Ou fè m' gen menm fòs ak towo bèf mawon yo. Ou fè kè m' kontan. |
| 11. | Mwen wè ak je m' jan lènmi m' yo pèdi batay la, mwen tande jan moun ki pa vle wè m' yo ap rele. |
| 12. | Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban. |
| 13. | Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Seyè a, y'ap pouse bèl branch nan tanp Bondye nou an. |
| 14. | Yo te mèt granmoun, y'ap donnen, y'ap toujou vèt, y'ap toujou gen fòs. |
| 15. | Sa fè nou wè jan Seyè a pa gen patipri. Se li ki tout pwoteksyon mwen. Pa gen lenjistis nan kè li. |
| ← Psalms (92/150) → |