| ← Psalms (82/150) → |
| 1. | Se yon sòm Asaf. Bondye kanpe nan mitan konsèy ki nan syèl la, li kanpe nan mitan bondye yo, l'ap jije. |
| 2. | Li di: -Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije? Kilè n'a sispann achte figi mechan yo? |
| 3. | Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo! |
| 4. | Delivre pòv malere ak endijan yo! Delivre yo anba men mechan yo. |
| 5. | Nou sòt, nou pa konprann anyen! N'ap mache nan fènwa. Pa gen jistis sou latè ankò! |
| 6. | Mwen te di se bondye nou ye, nou tout se pitit Bondye ki anwo nan syèl la nou ye. |
| 7. | Men, nou gen pou nou mouri tankou tout moun, wi, nou gen pou nou mouri tankou nenpòt chèf. |
| 8. | Leve non, Bondye, vin jije latè! Paske, se pou ou tout nasyon yo ye. |
| ← Psalms (82/150) → |