Psalms (7/150)  

1.  Plent David te pote bay Seyè a pou Kouch, moun laras Benjamen. Seyè, Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Delivre m'. Pa kite m' tonbe nan men moun k'ap pèsekite m' yo.
2.  Si se pa sa, tankou lyon yo fè, y'ap pote m' ale, y'ap devore m' san pesonn p'ap ka pote m' sekou.
3.  Seyè, Bondye mwen, si m' te fè bagay sa yo vre, si m' te fè yon moun mal,
4.  si m' te aji mal ak moun ki te fè m' byen, si m' te pèsekite lènmi m' san rezon,
5.  ou mèt kite lènmi pousib mwen jouk li mete men sou mwen. Ou mèt kite l' mache sou mwen, ou mèt kite l' trennen non m' nan labou.
6.  Seyè, leve non! Mete ou ankòlè! Leve, pran pozisyon kont lènmi m' yo ki fin debòde. Leve non! vin pote m' sekou, paske se jistis ou m'ap chache.
7.  Sanble tout nasyon yo bò kote ou. Rete nan syèl la, gouvènen yo tout.
8.  Ou menm Seyè, ou se jij tout moun. Tanpri, Seyè, fè m' jistis paske mwen mache dwat, mwen inonsan.
9.  Fè mechan yo sispann fè move bagay. Tanpri, bay moun ki mache dwat yo fòs. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri: Ou konnen tout lide moun gen nan tèt yo ak tout santiman ki nan kè yo.
10.  Se Bondye ki defans mwen. Li delivre tout moun ki mache dwat.
11.  Bondye se yon jij ki san patipri: Li toujou kondannen mechan yo.
12.  Si yon moun pa chanje lavi li, Bondye ap file nepe li, l'ap pare banza li pou l' vize li.
13.  Bondye ap pare zam sa yo pou touye li. L'ap sèvi ak flèch li yo pou simen dife.
14.  Gade jan mechan an gen move lide nan kè li! L'ap fè plan pou fè moun mal. L'ap plede bay manti.
15.  Li fouye yon gwo twou byen fon nan tè a. Lèfini, se li menm ki tonbe ladan li.
16.  Se konsa, malè li te pare pou lòt moun, se sou li li tonbe. Se pwòp mechanste l' ki tounen kont li!
17.  Mwen menm, m'ap di Seyè a mèsi pou jistis li. M'ap fè lwanj Seyè a ki anwo nan syèl la.

  Psalms (7/150)