| ← Psalms (47/150) → |
| 1. | Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan! |
| 2. | Paske, Seyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè. |
| 3. | Li fè nou dominen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou. |
| 4. | Se li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo. |
| 5. | Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan. |
| 6. | Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li! |
| 7. | Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li! |
| 8. | Bondye dominen sou tout nasyon yo. Bondye chita sou fotèy ki apa pou li a. |
| 9. | Chèf lòt peyi yo mete tèt yo ansanm ak pèp Bondye Abraram lan, paske se Bondye ki gen tout zam pou defann pèp yo. L'ap dominen sou tout bagay. |
| ← Psalms (47/150) → |