| ← Psalms (150/150) |
| 1. | Lwanj pou Seyè a! Lwanj pou Bondye nan tanp ki apa pou li a! Lwanj pou Bondye nan syèl la kote pouvwa li parèt aklè! |
| 2. | Lwanj pou li pou bèl bagay li fè yo! Lwanj pou li pou jan li gen anpil anpil fòs! |
| 3. | Lwanj pou li ak twonpèt! Lwanj pou li ak gita ak bandjo! |
| 4. | Lwanj pou li ak tanbou! Danse pou fè lwanj li! Lwanj pou li ak gita ak vaksen! |
| 5. | Lwanj pou li ak senbal ki bay bèl son! Lwanj pou li ak senbal ki fè gwo bri! |
| 6. | Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Seyè a! Lwanj pou Seyè a! |
| ← Psalms (150/150) |