| ← Psalms (149/150) → |
| 1. | Lwanj pou Seyè a! Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l' yo lè yo reyini! |
| 2. | Se pou pèp Izrayèl la fè kè l' kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo. |
| 3. | Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li! |
| 4. | Seyè a pran plezi l' nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo. |
| 5. | Se pou pèp Bondye a fè kè yo kontan, paske yo genyen batay la. |
| 6. | Se pou yo rele byen fò lè y'ap fè lwanj Bondye, avèk nepe nan men yo, |
| 7. | pou tire revanj sou nasyon yo, pou pini pèp yo, |
| 8. | pou yo mete wa yo nan chenn, pou mete grannèg yo nan sèp an fè, |
| 9. | pou ba yo chatiman ki te ekri a. Se va yon bèl bagay pou tout moun k'ap sèvi Bondye. Lwanj pou Seyè a! |
| ← Psalms (149/150) → |