| ← Psalms (137/150) → | 
| 1. | Nou te chita bò larivyè ki nan peyi Babilòn yo, nou t'ap kriye lè nou chonje peyi Siyon. | 
| 2. | Nou te pandye gita nou yo nan branch pye sikren peyi a. | 
| 3. | Moun ki te fè nou prizonye yo t'ap mande pou nou chante pou yo. Moun ki t'ap peze nou yo t'ap mande pou nou anmize yo: -Chante yon chante peyi Siyon pou nou non! | 
| 4. | Ki jan ou ta vle pou n' chante yon chante Seyè a nan yon peyi etranje? | 
| 5. | Si nou bliye ou, Jerizalèm. se pou nou bliye ki jan pou nou sèvi ak men dwat nou tou. | 
| 6. | Si nou pa chonje ou, si nou pa konsidere ou tankou pi gwo kontantman nou, se pou lang nou kole nan fon bouch nou. | 
| 7. | Seyè, chonje sa moun peyi Edon yo te fè jou yo te pran lavil Jerizalèm. Chonje jan yo t'ap di: Kraze l'! Kraze l' ratè! | 
| 8. | Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a. | 
| 9. | Benediksyon pou moun ki va pran pitit ou yo, ki va kraze yo sou gwo wòch! | 
| ← Psalms (137/150) → |