| ← Psalms (135/150) → |
| 1. | Lwanj pou Seyè a! Fè lwanj Seyè a! Nou tout k'ap sèvi Seyè a, |
| 2. | nou tout ki kanpe lakay li, nan kote ki apa pou Bondye nou an, fè lwanj li! |
| 3. | Fè lwanj Seyè a, paske li gen bon kè! Chante chante pou li, paske li aji byen ak nou. |
| 4. | Se li menm ki te chwazi Jakòb pou moun pa l', se li menm ki te chwazi pèp Izrayèl la pou pèp li. |
| 5. | Mwen konnen Seyè nou an gen gwo pouvwa. Li gen pouvwa pase tout lòt bondye yo. |
| 6. | Li fè sa li vle nan syèl ak sou latè, sou lanmè ak nan fon lanmè. |
| 7. | Li fè nwaj yo leve kote syèl la kole ak latè a, li fè zèklè ak lapli, li fè van yo soti kote li sere yo a. |
| 8. | Se li menm ki te touye tout premye pitit gason ak tout premye pòte mal zannimo nan peyi Lejip. |
| 9. | Se li ki te fè anpil mirak ak mèvèy nan peyi Lejip pou pini farawon an ansanm ak tout moun k'ap sèvi l' yo. |
| 10. | Li detwi anpil nasyon, li touye wa ki te gen pouvwa: |
| 11. | Siyon, wa peyi Amon an, Og, wa peyi Bazan an ansanm ak tout wa nan peyi Kanaran yo. |
| 12. | Li pran peyi yo, li bay pèp li a, wi, li bay moun pèp Izrayèl yo peyi moun sa yo pou yo rete. |
| 13. | Seyè, lèzòm ap toujou konnen ki moun ou ye. Yo p'ap janm bliye ou! |
| 14. | Seyè a va pran defans pèp li a, l'a gen pitye pou moun k'ap sèvi l' yo. |
| 15. | Zidòl nasyon yo se bagay ki fèt ak ajan, ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo. |
| 16. | Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè. |
| 17. | Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo pa gen yon ti souf nan bouch yo. |
| 18. | Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo. |
| 19. | Nou menm, pèp Izrayèl la, fè lwanj Seyè a! Nou menm, prèt Bondye yo, fè lwanj Seyè a! |
| 20. | Nou menm k'ap sèvi nan tanp li a, fè lwanj Seyè a! Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li! |
| 21. | Fè lwanj Seyè a nan peyi Siyon. nan lavil Jerizalèm, kote l' rete a. Lwanj pou Seyè a! |
| ← Psalms (135/150) → |