| ← Psalms (129/150) → |
| 1. | Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn. |
| 2. | Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo pa t' janm rive mete pye sou kou nou. |
| 3. | Yo tonbe sou do nou, ou ta di moun k'ap bat tè pou plante. |
| 4. | Men, Seyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou. |
| 5. | Moun ki pa vle wè moun Siyon yo, se pou yo wont, se pou yo fè bak. |
| 6. | Se pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi: y'ap cheche anvan menm yo donnen. |
| 7. | Moun k'ap ranmase rekòt p'ap okipe yo menm, moun k'ap antre rekòt la p'ap mete yo nan pakèt li. |
| 8. | Moun k'ap pase bò la yo p'ap di: -Se pou Seyè a beni nou! N'ap beni ou nan non Seyè a! |
| ← Psalms (129/150) → |