Psalms (12/150)  

1.  Pou chèf sanba yo. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. vin sove nou non, Seyè! Pa gen moun ki renmen ou ankò! Pa gen moun sou latè k'ap sèvi ou ak tout kè yo ankò!
2.  Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.
3.  Seyè, fèmen bouch bann flatè sa yo, bann moun sa yo k'ap vante tèt yo.
4.  Y'ap plede di: -Nou pale jan nou vle. Bouch nou rele n' pa nou. Ki moun ki pou pase nou lòd?
5.  Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Seyè a di: M'ap vini koulye a. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan.
6.  Pawòl Seyè a se bon pawòl. Li tankou lajan yo pase sèt fwa nan dife pou wè si li bon.
7.  Ou menm, Seyè, w'a toujou defann nou! Pa kite moun sa yo fè nou anyen!
8.  Mechan yo ap pwonmennen sou moun toupatou: se tout moun k'ap fè lwanj move bagay y'ap fè yo.

  Psalms (12/150)