← Proverbs (31/31) |
1. | Men Pawòl wa Lemwèl, men konsèy manman l' te ba li: |
2. | Kisa pou m' di ou, pitit mwen, pitit ki soti nan zantray mwen? Se mwen ki te mande Bondye pou l' ban mwen ou. Kisa pou m' di ou? |
3. | Pa gaspiye kouray ou nan fanm. Veye zo ou ak fanm k'ap fè malè chèf yo. |
4. | Lemwèl monchè, yon wa pa fèt pou nan bwè bweson. Chèf pa fèt pou nan bwè gwòg. |
5. | Lè yo bwè konsa, yo bliye lòd yo te bay. Yo p'ap pran ka malere yo. |
6. | Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson. |
7. | Yo bwè pou yo bliye mizè yo, pou yo pa chonje lapenn yo. |
8. | Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo. |
9. | Pale pou yo. Pa fè patipri. Defann kòz malere yo ak endijan yo. |
10. | Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò. |
11. | Mari l' mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li. |
12. | Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l', l'ap pase tout lavi l' ap fè l' byen. |
13. | Li chache lenn mouton ak fil swa, li travay yo fè twal ak men l'. |
14. | Tankou bato k'ap pote machandiz, li al byen lwen chache manje mete nan kay la. |
15. | Solèy poko leve, li gen tan sou pye l', l'ap pare manje pou moun nan kay la. L'ap di sèvant yo sa pou yo fè. |
16. | Li fè lide sou yon tè, li achte l' ak lajan li fè ak men l'. Li fè jaden rezen sou li. |
17. | Li mare ren l', li twouse manch rad li pou l' travay. |
18. | Li santi zafè l' ap mache byen, li rete byen ta lannwit ap travay. |
19. | Li file koton, li koud rad li. |
20. | Li lonje men l' bay pòv. Li pran ka malere. |
21. | Li pa pè fredi pou moun lakay li, paske tout moun gen rad cho pou mete sou yo. |
22. | Li fè kouvèti lenn pou kabann yo. Tout rad li yo fèt ak twal wouj tise byen sere. |
23. | Mari l', se yonn nan chèf fanmi lavil la. Tout moun lavil la ap nonmen non l' an byen. |
24. | Madanm li fe rad pou l' vann, li fè bèl senti, li vann yo ak machann. |
25. | Li gen anpil kouraj, tout moun respekte l', li pa pè denmen. |
26. | Lè li louvri bouch li, se bon konsèy li bay. Li toujou gen bon pawòl nan bouch li. |
27. | Li konnen vire tounen tout moun nan kay la. Li toujou gen yon bagay l'ap fè. |
28. | Tout pitit li yo ap fè l' konpliman. Mari l' menm ap fè lwanj li. |
29. | L'ap di: Mwen konnen anpil madanm. Men ou menm, nanpwen tankou ou! |
30. | Bèl fanm pa di bon madanm pou sa. Bèl figi pa la pou lontan. Men, y'a fè lwanj yon fanm ki gen krentif pou Seyè a. |
31. | Ba li sa ki pou li a. Lè y'a wè sa l' fè, se pou tout moun fè lwanj li. |
← Proverbs (31/31) |