← Proverbs (27/31) → |
1. | Pa fè grandizè pou sa ou pral fè denmen. Ou wè jòdi, ou pa konn denmen. |
2. | Kite lòt moun pale byen pou ou. Pa fè sa ou menm. Kite etranje fè lwanj pou ou. Pa janm fè lwanj tèt pa ou. |
3. | Wòch lou, sab lou. Men, yo pa ka pi lou pase yon moun san konprann lè l' fache. |
4. | Lè yon moun ankòlè, li kraze brize. Men, ki moun ki ka kenbe tèt ak yon moun k'ap fè jalouzi? |
5. | Pito ou rale zòrèy yon moun kareman pase pou ou kite l' konprann sa li fè a pa anyen. |
6. | Lè yon zanmi ap rale zòrèy ou, se byen ou li vle wè. Men, lè yon lènmi ap pase men l' nan kou ou, se twonpe l'ap twonpe ou. |
7. | Lè vant moun plen, yo refize ata siwo myèl. Lè moun grangou vre, menm bagay anmè gou nan bouch. |
8. | Yon moun ki lwen lakay li, se tankou yon zwezo ki byen lwen nich li. |
9. | Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouraj. |
10. | Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen. |
11. | Pitit mwen, aprann gen bon konprann. Fè kè m' kontan. Konsa, m'a ka reponn moun k'ap kritike m' yo. |
12. | Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa. |
13. | Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo sezi ata rad ki sou li jouk lòt la peye. |
14. | Si ou di yon zanmi ou bonjou twò fò granmaten, se tankou si ou te ba li madichon. |
15. | Yon fanm ki toujou ap chache kont, se tankou yon goutyè k'ap degoute lè lapli ap tonbe tout lajounen. |
16. | Si ou rive fè l' pe bouch li, w'a kenbe van ak men ou, w'a kenbe lwil ak dwèt ou tou! |
17. | Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt. |
18. | Moun ki pran swen yon pye rezen, se li ki va jwenn rezen pou li manje. Moun ki fè travay mèt li byen, y'a gen respè pou li. |
19. | Lè ou gade nan glas, se pwòp figi ou ou wè ladan l'. Konsa tou, lè ou gade nan kè yon moun, ou wè ki moun li ye. |
20. | Menm jan toujou gen plas pou mò kote mò yo ye a, konsa tou, toujou gen plas pou lanvi nan kè moun. |
21. | Yo pase lò ak ajan nan dife pou wè si yo bon. Konsa tou, dapre jan yo nonmen non yon moun, yo ka di ki moun li ye. |
22. | Ou te mèt woule yon moun sòt anba baton tankou yo bat pwa, se pa sa k'ap fè l' kite sòt. |
23. | Chache konnen jan tout bèt ou yo ye. Pran swen yo. |
24. | Richès pa la pou tout tan. Ou ka pa rive pase tout byen ou bay pitit pitit ou. |
25. | Lè ou koupe zèb, li pouse ankò. Konsa, toujou gen zèb sou mòn yo. |
26. | Mouton ou yo ap ba ou lenn pou fè rad met sou ou. Bouk kabrit yo ap rapòte ou lajan pou achte tè pou fè jaden. |
27. | W'a jwenn kont lèt kabrit pou ou bwè ak fanmi ou ansanm ak moun k'ap sèvi lakay ou. |
← Proverbs (27/31) → |