← Proverbs (22/31) → |
1. | Pito yo nonmen non ou an byen pase pou ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lò. |
2. | Pa gen diferans ant moun rich ak moun pòv, paske tou de se kreyati Bondye yo ye. |
3. | Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Men, moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa. |
4. | Soumèt ou devan Bondye, gen krentif pou li: W'a gen richès, y'a nonmen non ou, w'a viv lontan. |
5. | Moun ki mache kwochi jwenn pikan ak pèlen sou wout yo. Si ou renmen lavi, pa fè menm wout ak yo. |
6. | Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l'. |
7. | Moun rich ap donminen sou moun pòv. Lè ou prete lajan nan men yon moun, ou tounen timoun devan pòt li. |
8. | Lè ou simen lenjistis, ou rekòlte malè. Ou rete konsa sak te fè ou gen gwo kòlèt la disparèt. |
9. | Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l'. |
10. | Mete moun k'ap pase lòt moun nan betiz la deyò, lamenm tout kont, tout joure ap sispann. |
11. | Moun ki pa gen move lide dèyè tèt yo epi ki gen bon pawòl nan bouch yo ap gen wa a pou zanmi yo. Men, Bondye renmen moun ki sensè. |
12. | Seyè a pwoteje moun k'ap di verite. Men, li fè moun k'ap bay manti yo wont. |
13. | Parese rete chita lakay li, li di si li soti bèt nan bwa va manje l' nan lari a. |
14. | Pawòl fanm adiltè se gwo pèlen. Lè Seyè a move sou yon moun, moun lan ap pran nan pèlen sa a. |
15. | Timoun toujou ap fè move bagay. Men, fwèt ap fè yo pa rekonmanse ankò. |
16. | Lè w'ap peze yon pòv malere se lespri l' w'ap louvri. Lè w'ap fè moun rich kado, se pòv w'ap fè l' pòv. |
17. | Louvri zòrèy ou, koute pawòl moun ki gen bon konprann yo. Chache konprann sa m'ap moutre ou la a. |
18. | L'a bon pou ou toujou kenbe yo nan kè ou, pou yo ka toujou anba lang ou. |
19. | Koulye a, mwen pral moutre ou tout pawòl sa yo, ou menm tou, pou ou ka mete konfyans ou nan Seyè a. |
20. | Depi lontan, mwen te ekri bon pawòl sa yo pou ou. W'a jwenn anpil bon konsèy ak konesans ladan yo. |
21. | Y'a fè ou konnen verite a jan li ye a. Konsa, w'a pote bon repons bay moun ki te voye ou la. Men yo: |
22. | Pa pran ti sa pòv la genyen an paske se pòv li ye. Pa pwofite sou ti malere yo nan tribinal. |
23. | Se Seyè a ki va plede kòz yo pou yo. L'a touye moun ki vòlò malere sa yo. |
24. | Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo. |
25. | W'a pran move mès yo. W'a rale malè sou ou. |
26. | Pa pwomèt pou ou reskonsab dèt yon lòt moun fè. |
27. | Si ou pa ka peye, y'a sezi ata kabann anba do ou. |
28. | Pa janm deplase bòn tè kote granmoun lontan te mete yo. |
29. | Moutre m' yon nonm ki gen ladrès nan sa l'ap fè. Se moun konsa k'ap rive travay ak chèf. Li pa pral travay ak moun ki pa anyen. |
← Proverbs (22/31) → |