← Proverbs (10/31) → |
1. | Men pwovèb wa Salomon yo: Yon pitit ki gen bon konprann fè kè papa l' kontan. Men, yon pitit san konprann bay manman l' lapenn. |
2. | Byen ou rive fè nan move kondisyon p'ap rapòte ou anyen. Men, lè ou serye, ou sove lavi ou. |
3. | Seyè a p'ap kite moun ki mache dwat soufri grangou. Men, l'ap anpeche mechan an jwenn sa li anvi a. |
4. | Parese fè ou pòv, men travay di fè ou rich. |
5. | Yon nonm ki wè lwen ranmase rekòt li lè rekòt la pare. Men, se yon wont pou moun ki pase tou tan rekòt la ap dòmi. |
6. | benediksyon Bondye ap chita sou yon nonm debyen. Pawòl yon moun mechan p'ap janm kite ou wè jan l' mechan. |
7. | Y'ap toujou chonje yon nonm debyen, y'a fè lwanj pou li. Men, talè konsa non mechan an ap sèvi jouman. |
8. | Moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba li. Men, moun k'ap pale tankou moun fou pa lwen mouri. |
9. | Yon nonm serye pa janm bezwen pe anyen. Men, yo gen pou yo bare moun k'ap fè vis. |
10. | Moun k'ap twenzi je yo sou moun, se moun k'ap voye wòch kache men. Men, moun ki pale kare anpeche kont. |
11. | Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat yo bay lavi. Men, pawòl yon moun mechan p'ap janm kite ou wè jan l' mechan. |
12. | Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont. |
13. | Moun lespri pale bon pawòl. Men, pou moun san konprann, se baton nan dèyè yo. |
14. | Moun ki gen bon konprann toujou ap aprann. Men, lè moun san konprann ap pale, malè pa lwen. |
15. | Byen yon moun rich, se pwoteksyon li. Men, depi yon nonm pòv, nanpwen pwoteksyon pou li. |
16. | Travay moun k'ap mache dwat yo bay lavi. Lajan moun k'ap fe sa ki mal yo se pou malè yo. |
17. | Moun ki koute lè yo rale zòrèy yo ap jwenn chemen lavi. Men, moun ki refize admèt lè yo antò pèdi chemen yo. |
18. | Moun ki rayi moun nan kè yo, se moun ou pa ka fye. Tout moun k'ap mache fè tripotay se moun san konprann. |
19. | Plis ou pale anpil, plis ou ka rive fè peche. Lè ou gen bonjan konprann ou kenbe bouch ou fèmen. |
20. | Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat, se lò. Men, lide k'ap travay nan tèt yon mechan pa vo anyen. |
21. | Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat ap pwofite anpil moun. Men, moun sòt yo ap mouri, paske yo pa gen konprann. |
22. | benediksyon Bondye bay moun richès. Ou te mèt travay di ou pa ka mete anyen sou li. |
23. | Lè moun san konprann ap fè sa ki mal, se tankou yon jwèt pou yo. Men, yon moun lespri pran plezi l' nan chache gen bon konprann. |
24. | Yon moun ki mache dwat, Bondye va ba li tou sa l' ta renmen genyen. Men mechan an, se sa l' pè rive l' la k'ap rive l'. |
25. | Depi move tan pase, mechan yo disparèt lamenm. Men, moun k'ap mache dwat yo ap toujou kanpe fèm. |
26. | Pa janm voye parese fè komisyon pou ou. L'ap ennève ou menm jan sitwon fè dan moun gasi, menm jan lafimen fè je moun koule dlo. |
27. | Krentif pou Bondye fè moun viv lontan. Men, mechan yo mouri anvan lè yo. |
28. | Sa moun k'ap mache dwat yo ap tann lan va rive vre. Men, mechan yo p'ap janm jwenn sa y'ap tann lan. |
29. | Chemen Bondye se yon pwoteksyon pou moun ki serye. Men, l'ap detwi moun k'ap fè mal yo. |
30. | Yo p'ap janm ka fè moun k'ap mache dwat yo brannen. Men, mechan yo ap disparèt nan peyi a. |
31. | Lè moun k'ap mache dwat yo ap pale, se bon koze yo bay. Men, moun k'ap pale mal yo ap disparèt. |
32. | Moun k'ap mache dwat yo konn bèl pawòl pou yo di. Men, lang mechan yo, se kouto de bò. |
← Proverbs (10/31) → |