Nehemiah (7/13)  

1. Lè nou te fin rebati miray la, nou moute gwo batan pòtay yo. Nou bay gad tanp yo, moun k'ap chante yo ak moun Levi yo travay yo gen pou yo fè.
2. Mwen mete de moun reskonsab pou gouvènen lavil Jerizalèm lan. Se te Anani, frè mwen an, ak Ananya, kòmandan gwo fò a. Ananya sa a te yon nonm serye ki te gen krentif pou Bondye. Pa t' gen tankou l'.
3. Mwen di yo pa kite yo louvri pòtay lavil Jerizalèm yo nan maten toutotan solèy la pa konmanse cho. Konsa tou, aswè se devan yo pou yo fè fèmen batan pòtay yo epi pou yo mete ba yo dèyè pòtay yo anvan gad yo leve pòs le solèy pral kouche. Y'a chwazi kèk moun nan moun ki rete lavil Jerizalèm yo, yon seri pou fè pòs sou miray la, yon lòt pou fè patwouy bò lakay yo.
4. Lavil la te gran anpil, te gen anpil espas, men pa t' gen anpil moun ki t'ap viv ladan l'. Yo pa t' ankò rebati anpil kay.
5. Bondye mete nan tèt mwen lide pou m' sanble tout pèp la ak chèf yo, majistra yo, pou m' fè yon resansman, fanmi pa fanmi. N' al tonbe sou ansyen rejis resansman premye moun ki te tounen nan peyi a. Nan rejis sa a m' te jwenn
6. lis moun ki te kite pwovens Babilòn pou yo tounen lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, chak moun nan lavil kote yo te moun. Se moun sa yo wa Nèbikadneza te fè depòte nan peyi Babilòn.
7. Men non chèf ki te vin ak yo: Zowobabèl, Jozye, Neemi, Azarya, Ramiya, Nachamani, Madoche, Bilchan, Misperèt, Bigwayi, Nawoum ak Bana. Men lis moun nan pèp Izrayèl la, fanmi pa fanmi, ak kantite moun nan chak branch fanmi:
8. Nan fanmi Pareòch yo, demil sanswasanndouz moun,
9. nan fanmi Chefatya yo, twasanswasanndouz moun,
10. nan fanmi Arak yo, sisansenkannde moun,
11. nan fanmi Pakat Moab yo, pitit pitit Jechwa ak Joab, demil wisandiswit moun,
12. nan fanmi Elam yo, mil desansenkannkat moun,
13. nan fanmi Zatou yo, witsankarannsenk moun,
14. nan fanmi Zakayi yo, sètsansousant moun,
15. nan fanmi Bennwi yo, sisankaranntwit moun,
16. nan fanmi Bebayi yo, sisanvenntwit moun,
17. nan fanmi Azgad yo, demil twasanvennde moun,
18. nan fanmi Adonikan yo, sisanswasannsèt moun,
19. nan fanmi Bigwayi yo, demil swasannsèt moun,
20. nan fanmi Aden yo, sisansenkannsenk moun,
21. nan fanmi Atè yo, katrevendizwit moun, (Anvan sa, Atè te rele Ezekyas)
22. nan fanmi Achoum yo, twasanvenntwit moun,
23. nan fanmi Betsayi yo, twasanvennkat moun,
24. nan fanmi Arif yo, sandouz moun,
25. nan fanmi Gabawon yo, katrevenkenz moun.
26. Men lis moun ki te tounen dapre non lavil kote yo moun: Pou lavil Betleyèm ak pou lavil Netofa, sankatreventwit moun,
27. pou lavil Anatòt, sanvenntwit moun,
28. pou lavil Azmavèt, karannde moun,
29. pou lavil Kiriyat-Jearim, lavil Kefira ak lavil Bewòt, sètsankaranntwa moun,
30. pou lavil Rama ak pou lavil Geba, sisanventeyen moun,
31. pou lavil Mikmas, sanvennde moun,
32. pou lavil Betèl ak pou lavil Ayi, sanvenntwa moun,
33. pou lavil Neba, senkannde moun,
34. pou lòt lavil Elam lan, mil desansenkannkat moun,
35. pou lavil Arim lan, twasanven moun,
36. pou lavil Jeriko yo, twasankarannsenk moun,
37. pou lavil Lòd ansanm ak pou lavil Adid ak Ono, sètsanventeyen moun,
38. pou lavil Sena, twamil nèfsantrant moun.
39. Men lis prèt ki te tounen, dapre non fanmi yo: Nan pitit Jedaja ki te soti nan branch fanmi Jozye a, nèfsanswasanntrèz moun,
40. nan pitit Imè yo, mil senkannde moun,
41. nan pitit Pachou yo, mil desankarannsèt moun,
42. nan pitit Arim yo, mil disèt moun.
43. Men lis moun Levi ki te tounen yo: Te gen swasannkatòz moun nan pitit Jechwa ak pitit Kadmyèl ki soti nan branch fanmi Odva a.
44. Te gen sankarantwit sanba, moun ki konn chante ak moun ki konn fè mizik nan tanp lan, epi ki soti nan branch fanmi Asaf la.
45. Te gen santranntwit moun ki pou sèvi gad nan pòtay tanp lan epi ki soti nan branch fanmi Chaloum, branch fanmi Atè, branch fanmi Talmon, branch fanmi Akoub, branch fanmi Atita ak branch fanmi Chobayi.
46. Men lis moun yo te bay pou travay nan tanp Bondye a, epi ki te tounen nan peyi a. Se moun fanmi Zika, moun fanmi Asoufa ak moun fanmi Tabayòt,
47. moun fanmi Kewòs, moun fanmi Sya ak moun fanmi Padon,
48. moun fanmi Lebana, moun fanmi Agaba ak moun fanmi Samayi,
49. moun fanmi Anan, moun fanmi Gidèl ak moun fanmi Gaka,
50. moun fanmi Reaja, moun fanmi Rezin ak moun fanmi Nekoda,
51. moun fanmi Gazam, moun fanmi Ouza ak moun fanmi Paseyak,
52. moun fanmi Besayi, moun fanmi Meounim ak moun fanmi Nefichim,
53. moun fanmi Bakbouk, moun fanmi Akoufa ak moun fanmi Awou,
54. moun fanmi Baslou, moun fanmi Mechida ak moun fanmi Acha,
55. moun fanmi Bakòs, moun fanmi Sisera ak moun fanmi Tamak,
56. moun fanmi Nezyak ak moun fanmi Atifa.
57. Men lis non moun nan branch fanmi domestik Salomon yo ki te tounen nan peyi a: Moun fanmi Sotayi, moun fanmi Asoferèt ak moun fanmi Perida,
58. moun fanmi Jaala, moun fanmi Dakon ak moun fanmi Gidèl,
59. moun fanmi Chefatya, moun fanmi Atil, moun fanmi Pokerèt, moun fanmi Azebayim ak moun fanmi Amon.
60. Konsa, men kantite moun ki soti nan fanmi travayè tanp lan ak domestik Salomon yo: antou twasankatrevendouz.
61. Men te gen yon seri moun ki soti nan lavil Tèl Melak, lavil Tèl Acha, lavil Kewoub Adan, ak lavil Imè nan peyi Babilòn epi ki te moute ak tout moun sa yo, atout yo pa t' ka rive fè konnen non zansèt yo ak non fanmi yo pou yo te ka fè wè yo fè pati pèp Izrayèl la vre.
62. Se te pitit Delaja, Tobija ak Nekoda: antou sisankarannde.
63. Konsa tou, pami prèt yo te gen moun fanmi Obaja, Akòs ak Bazilayi. Zansèt moun Bazilayi sa yo te marye ak yon fanm nan fanmi Bazilayi, moun Galarad. Se konsa yo te pran non papa manman yo.
64. Moun sa yo pa t' ka jwenn rejis pou moutre ki moun ki zansèt yo. Konsa yo pa t' asepte yo pou prèt.
65. Gouvènè jwif la te di yo yo pa t' kapab manje nan manje yo mete apa pou Bondye a toutotan pa t' gen prèt ki konn sèvi ak Ourim yo ansanm ak Tourim yo pou wè sa Bondye di nan sa.
66. Antou nèt, te gen karanndemil twasanswasant moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a.
67. Avèk yo te gen sètmil twasantrannsèt gason ak fanm ki te sèvi yo domestik. Te gen tou desan gason ak fanm ki te konn fè mizik ak konn chante.
68. Te gen sètsanswasannsis chwal, desankarannsenk milèt,
69. katsantrannsenk chamo ak simil sètsanven bourik.
70. Te gen kèk chèf ki te fè ofrann pa yo pou travay la san pesonn pa fòse yo. Gouvènè a te bay pou mete nan kès la desanswasanndis ons lò, senkant gwo plat pou sèvis, senksantrant rad pou prèt yo mete sou yo ak onzmil sisankatreventrèz ons ajan.
71. Chèf fanmi yo te bay pou mete nan kès la pou fè travay la: senkmil katsan ons lò ak senkanteyenmil katsansenkant ons ajan.
72. Rès moun pèp la te fè anpil kado tou. Antou, yo te bay senkmil katsan ons lò, karannsimil sètsanswasanndis ons ajan ak swasannsèt rad pou prèt yo.
73. Prèt yo, moun Levi yo, gad pòtay tanp yo, mizisyen yo ak anpil nan moun pèp Izrayèl yo ansanm ak travayè tanp yo, wi tout pèp Izrayèl la al rete nan lavil kote yo moun.

  Nehemiah (7/13)