← Lamentations (5/5) |
1. | Seyè, gade sa ki te rive nou non! Voye je gade nou. Wè nan ki mizè nou ye! |
2. | Peyi nou an nan men moun lòt nasyon! Yo pran kay nou pou yo. |
3. | Nou se timoun san papa. Manman nou tankou fanm ki pèdi mari yo. |
4. | Se achte pou n' achte dlo pou nou bwè. Si nou pa gen lajan, nou pa jwenn bwa pou nou boule. |
5. | N'ap travay di tankou bourik, tankou bèf kabwa. Nou bouke, nou pa ka pran kanpo. |
6. | Pou nou ka jwenn manje pou nou manje nou blije ap lonje men bay peyi Lejip ak peyi Lasiri. |
7. | Zansèt nou yo fè peche. Yo pa la ankò! Se nou menm k'ap peye pou sa yo te fè. |
8. | Moun k'ap gouvènen nou yo se esklav yo ye. Pesonn pa ka delivre nou anba men yo. |
9. | Se gwo danje lè nou soti al dèyè manje. Ansasen toupatou nan peyi a. |
10. | Grangou ban nou lafyèb. Kò nou cho kou dife. |
11. | Yo fè kadejak sou madanm nou sou mòn Siyon an. Nan tout ti bouk peyi Jida yo yo kenbe pitit fi nou yo. |
12. | Yo pran chèf nou yo, yo pann yo. Yo derespekte granmoun nou yo. |
13. | Yo fòse jenn gason nou yo rale moulen. Ti gason nou yo ap titibe anba gwo chay bwa. |
14. | Granmoun yo pa chita nan pòtay lavil la ankò. Jennmoun nou yo pa chante ankò. |
15. | Pa gen kè kontan lakay nou. Nou pa danse ankò! Lapenn plen kè nou! |
16. | Tou sa ki te konn ban nou kè kontan disparèt. Nou te peche, malè tonbe sou nou. |
17. | Nou malad nan fon kè nou, nou pa ka wè tèlman n'ap kriye, |
18. | paske mòn Siyon an tounen savann. Se bèt nan bwa ase ki rete la. |
19. | Men ou menm, Seyè, ou wa pou tou tan. W'ap gouvènen jouk sa kaba. |
20. | Poukisa ou lage nou pou tout tan sa a? Gen lè ou p'ap janm chonje nou ankò! |
21. | Seyè, fè nou tounen vin jwenn ou non! Fè nou tounen vin jwenn ou! Fè nou viv jan nou te konn viv nan tan lontan an non! |
22. | Eske ou voye nou jete pou tout bon? Pou di ou p'ap janm sispann fache sou nou? |
← Lamentations (5/5) |