| ← Lamentations (3/5) → | 
| 1. | Mwen se yon nonm ki konnen mizè moun gen pou pase lè Bondye ankòlè sou yo, lè Bondye ap pini yo. | 
| 2. | Li trennen m', li fè m' mache nan fènwa san yon ti limyè pou klere m'. | 
| 3. | Tout lajounen, l'ap plede bat mwen san rete. | 
| 4. | Po kò m' fin chire, vyann mwen parèt deyò konsa. Li kraze tout zo nan kò m'. | 
| 5. | Li fèmen m' nan yon koridò mizè ak lafliksyon. | 
| 6. | Li fè m' rete kote ki fènwa a tankou moun mouri yo. | 
| 7. | Li moute yon miray, li fèmen kote m' ye a, m' pa ka chape. Li mare m' ak gwo chenn. | 
| 8. | Tout rele mwen rele byen fò, pesonn p'ap tande m'. | 
| 9. | Li simen gwo wòch toupatou sou wout mwen. Kote m' vire, chak pa mwen fè, m' bite. | 
| 10. | Tankou yon lous, li biske kò l', l'ap veye m'. Tankou yon lyon, li kache, l'ap tann mwen. | 
| 11. | Li fè m' tonbe nan bwa. Li filange tout kò m'. Lèfini, li lage m'. | 
| 12. | Li mete flèch nan banza li, li vize. Se sou mwen l'ap voye yo. | 
| 13. | Li fè flèch li yo antre fon nan kò m'. | 
| 14. | Tout moun nan peyi a ap pase m' nan betiz. Se toutan y'ap fè chante sou mwen. | 
| 15. | Li plen vant mwen ak manje anmè kou fyèl. Li fè m' bwè labsent jouk mwen sou. | 
| 16. | Li fwote tout figi m' atè, li fè m' kase dan m' nan wòch. | 
| 17. | Mwen pa konnen sa yo rele kè poze. Mwen bliye sa yo rele kè kontan. | 
| 18. | Mwen di: M' pa gen lontan pou m' viv ankò. M' pèdi tout espwa mwen te gen nan Bondye. | 
| 19. | Lè m' chonje nan ki mizè mwen ye, jan m'ap mache pwonmennen san rete, se tankou yon labsent, yon fyèl m'ap vale. | 
| 20. | Wi, lè m' chonje sa, kè m' sere, m' santi kè m' ap rache | 
| 21. | Men, mwen reprann kouraj lè m' chonje yon sèl bagay. | 
| 22. | Seyè a pa janm sispann renmen nou. L'ap toujou gen pitye pou nou. | 
| 23. | Tankou solèy la ki leve chak maten konsa tou l'ap toujou kenbe pawòl li. | 
| 24. | Mwen di: Se Seyè a ki tout mwen. Se nan li mwen mete tout espwa m'. | 
| 25. | Seyè a bon pou tout moun ki mete konfyans yo nan li, pou moun k'ap konte sou li. | 
| 26. | Sa bon pou nou rete dousman ap tann li vin delivre nou. | 
| 27. | Sa bon pou nou aprann sipòte depi nou tou jenn. | 
| 28. | Lè Bondye ap manyen ak nou, ann chita pou kont nou san di anyen. | 
| 29. | Nou pa bezwen plenyen. Nou pa janm konnen, ka gen espwa toujou. | 
| 30. | Se pou n' pare figi n' pou n' pran souflèt. Se pou n' asepte tou sa yo fè nou. | 
| 31. | Bondye sèl Mèt la p'ap janm lage nou nèt. | 
| 32. | Li ka fè nou lapenn, men l'ap gen pitye pou nou paske li renmen nou anpil. | 
| 33. | Li pa pran plezi nan fè nou soufri, ni nan ban nou lapenn. | 
| 34. | Atò, se konnen Seyè a, Bondye sèl Mèt la, pa konnen lè y'ap kraze prizonye anba baton, | 
| 35. | lè yo derefize rekonèt dwa Bondye ban nou, | 
| 36. | lè y'ap bay move jijman nan tribinal! Atò, se konnen li pa konnen! | 
| 37. | Depi Bondye Sèl Mèt la pale, se fini! Sa l' di se sak fèt. | 
| 38. | Tou sa ki rive an byen osinon an mal, se li menm ki penmèt sa. | 
| 39. | Lè nou anba bwa pou peche nou yo sa nou bezwen plenyen fè! | 
| 40. | Annou gade jan n'ap mennen bak nou! Ann egzaminen byen jan n'ap viv la! Lèfini, ann tounen vin jwenn Bondye! | 
| 41. | Ann leve bra nou nan syèl la, ann lapriyè nan pye l'! | 
| 42. | Nou peche, nou kenbe tèt avè ou! Men, ou menm ou pa padonnen nou. | 
| 43. | Ou move pi rèd, ou fann nan kò nou! Ou te san pitye. Ou touye nou. | 
| 44. | Ou vlope kò ou nan yon gwo nwaj nwa pou lapriyè nou pa rive nan zòrèy ou. | 
| 45. | Ou fè nou tounen yon depotwa, yon pil fatra nan mitan lòt nasyon sou latè yo. | 
| 46. | Tout lènmi nou yo ap lave bouch yo sou nou. | 
| 47. | N'ap viv ak kè sote, si se pa lanmò, se gwo danje, se gwo malè! | 
| 48. | De je m' yo ap ponpe dlo tankou larivyè, lè m' wè malè ki tonbe sou pèp mwen an! | 
| 49. | Dlo ap koule nan je m' san rete. Li p'ap janm sispann, | 
| 50. | jouk jou Seyè a va rete nan syèl la, l'a voye je l' gade, l'a wè! | 
| 51. | Wi, kè m' fè m' mal pou m' wè sa ki rive moun lavil mwen yo! | 
| 52. | Yon bann moun ki pa vle wè m' san m' pa fè yo anyen pran kouri dèyè m' tankou yon zwazo y'ap chache pran. | 
| 53. | Yo lage m' tou vivan nan yon twou. Yo fèmen bouch twou a ak wòch. | 
| 54. | Dlo te prèt pou kouvri tèt mwen. Mwen di: Fwa sa a m' pran! | 
| 55. | Nan twou kote m' te ye a, Seyè, mwen rele ou! | 
| 56. | Ou tande vwa m'. Tanpri, pa bouche zòrèy ou lè m'ap lapriyè nan pye ou. | 
| 57. | Wi, lè m' rele ou, ou pwoche. Ou di m' mwen pa bezwen pè! | 
| 58. | Bondye Sèl Mèt, ou pran ka m' an konsiderasyon. Ou sove lavi m'. | 
| 59. | Seyè, ou wè tout lenjistis y'ap fè m'. Tanpri, defann kòz mwen. | 
| 60. | Ou wè jan yo soti pou pwofite sou mwen, jan y'ap fè konplo pou touye m'. | 
| 61. | Seyè, ou tande jan y'ap joure m'. Ou konnen konplo y'ap fè sou do m'. | 
| 62. | Tout lajounen, y'ap pale sou mwen, y'ap fè plan. | 
| 63. | Gade yo non! Depi maten jouk aswè yo chita ap fè chante sou do m'! | 
| 64. | Seyè, se pou ou pini yo pou tou sa yo fè. | 
| 65. | Madichonnen yo! Fè yo pèdi tèt yo! | 
| 66. | Move sou yo, Seyè! Pati dèyè yo! Disparèt yo sou latè! | 
| ← Lamentations (3/5) → |