| ← Job (9/42) → |
| 1. | Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa: |
| 2. | -Wi, mwen konnen se konsa sa ye. Men, ki jan pou yon moun ka gen rezon devan Bondye? |
| 3. | Si li vle plede ak Bondye, Bondye ap mande l' venmil keksyon, li p'ap ka reponn yonn menm. |
| 4. | Bondye sitèlman gen bon konprann, li sitèlman gen fòs, pa gen moun ki ka kenbe tèt avè l' pou yo pa peye sa. |
| 5. | Li deplase mòn yo lè lide l' di l'. Lè li an kòlè, li voye yo jete byen lwen. |
| 6. | Bondye fè tè a tranble kote l' chita a. Li souke poto ki soutni l' yo. |
| 7. | Li annik bay yon lòd, epi solèy la pa leve. Li fè zetwal yo pa klere lannwit. |
| 8. | Li te pou kont li lè li t'ap louvri syèl la anwo tè a. Li mache sou lanmè a jan li vle. |
| 9. | Se li ki fè zetwal yo: Gwo Kabwèt la, Oryon, Lapousiyè ak zetwal Sid yo. |
| 10. | Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte. |
| 11. | Bondye te mèt ap pase toupre m', mwen pa ka wè l'. Li glise kò l', li ale. |
| 12. | Li pran sa l' bezwen. Pa gen moun ki pou enpoze l' fè l'. Pa gen moun ki ka penmèt yo mande l': Sa w'ap fè la a? |
| 13. | Bondye pa ka kenbe kòlè l' ankò! Li fè tout patizan Raab yo bese tèt devan li. |
| 14. | Se mwen menm atò ki pou ta kenbe tèt avè l'? Se mwen menm atò ki pou ta plede avè l'? |
| 15. | Menm si m' te gen rezon, sa m' bezwen defann tèt mwen fè? Se li k'ap jije m', se padon ase pou m' mande l'. |
| 16. | Menm si li ta reponn mwen lè m' rele l', mwen pa kwè li ta koute sa m'ap di l'. |
| 17. | Li rete konsa li kraze m' pou anyen. Li blese m' nan tout kò m', san m' pa fè anyen. |
| 18. | Li pa ban m' tan pou m' pran yon ti souf menm. Li voye malè sou mwen yonn apre lòt. |
| 19. | Mwen ta seye fè fòs avè l'? Fòs, se nan men l' sa ye. Mwen ta rele l' tribinal? Ki jij ki va voye manda ba li? |
| 20. | M' te mèt gen rezon, pawòl nan bouch mwen ap kondannen m'. M' te mèt inonsan, tou sa m'ap di ap ban m' tò. |
| 21. | Eske m' inonsan? M' pa menm ka di sa. Lavi pa di m' anyen ankò! |
| 22. | Si gen yon bagay m' ka di: inonsan ou koupab, se menm bagay. Bondye ap toujou detwi nou. |
| 23. | Si yon malè konmanse ap simen lanmò, inonsan te mèt ap rele, Bondye ri sa. |
| 24. | Lè yon peyi tonbe anba men moun ki mechan, Bondye bouche je tout jij yo. Si se pa li ki fè sa, ki moun ki pou fè l'? |
| 25. | Jou yo pase pou mwen pi vit pase dlo larivyè. Pa gen yonn ki ban m' kè kontan. |
| 26. | Yo kouri tankou bwa fouye sou larivyè, tankou malfini k'ap plonje sou ti poul. |
| 27. | Si mwen di: Bon. M' p'ap plenyen ankò. M'ap chanje figi m', m'ap fè yon ti ri, |
| 28. | soufrans yo vin pi rèd sou mwen. Mwen pè, paske mwen konnen pou Bondye mwen pa inonsan. |
| 29. | Si m' antò, sa m' bezwen bat kò m' pou gremesi fè? |
| 30. | Pa gen dlo ki ka lave m'. Pa gen savon ki ka blanchi m'. |
| 31. | Bondye voye m' jete nan yon pil fatra. Ata rad m' pa ka mete sou mwen. |
| 32. | Men, Bondye pa yon moun tankou m'. M' pa ka diskite avè l'. Nou pa ka al lajistis. |
| 33. | Pa gen moun ki ka mete ola nan koze a. Pa gen moun ki ka jije m' ansanm avè l'. |
| 34. | Pa gen moun ki ka kenbe men l' pou li sispann fè m' pè. |
| 35. | Men, mwen pa pè l'. M'ap pale, paske se mwen ki konnen sa ki nan kè m'. |
| ← Job (9/42) → |