| ← Job (6/42) → | 
| 1. | Jòb pran lapawòl, li di konsa: | 
| 2. | -Si yo te ka pran pèz lapenn mwen, si yo te ka peze tout malè mwen yo nan balans, | 
| 3. | yo ta jwenn yo pi lou pase tout sab ki bò lanmè. Lè sa a, nou pa ta sezi tande m' pale jan m'ap pale a. | 
| 4. | Bondye ki gen tout pouvwa a plante flèch li yo sou mwen. Pwazon yo a anvayi tout kò m'. Bondye voye sou mwen tout kalite malè pou fè kè m' kase. | 
| 5. | Bourik mawon pa ranni lè li gen zèb pou l' manje. Ni bèf pa rele lè li gen manje devan l'. | 
| 6. | Moun pa manje manje ki san gou, manje ki san sèl. Blan ze pa gen bon gou nan bouch. | 
| 7. | Mwen pa menm gen apeti pou bagay konsa. Tou sa mwen manje fè kè m' tounen. | 
| 8. | Si Bondye te ka ban mwen sa m' mande l' la! Si li te ka fè m' jwenn sa m'ap tann lan! | 
| 9. | Si sèlman sa ta fè l' plezi pou l' touye m'! Si li ta vle lonje men l' pou l' disparèt mwen! | 
| 10. | Se ta va yon gwo konsolasyon pou mwen. Malgre tout soufrans mwen yo, mwen ta danse, mwen ta fè fèt, paske mwen konnen mwen pa janm dezobeyi lòd Bondye ki apa a bay. | 
| 11. | Mwen pa gen fòs pou m' tann ankò. Pa gen ankenn espwa pou mwen. Sa m' bezwen viv toujou fè? | 
| 12. | Se pa wòch mwen ye. Se pa bout fè kò m' ye. | 
| 13. | Mwen pa gen fòs ankò pou m' kenbe. Kote m' vire, mwen pa jwenn sekou. | 
| 14. | Nan tray m'ap pase koulye a, mwen bezwen bon zanmi ki pou soutni m', menm si mwen ta vire do bay Bondye. | 
| 15. | Men, frè m' yo, nou p'ap di m' anyen la a. Nou tankou ravin chèch ki pa gen dlo depi lapli pa tonbe. | 
| 16. | Nan sezon fredi, lè lanèj ap fonn, yo plen dlo sal ki frèt kou glas. | 
| 17. | Men, nan sezon lesèk, pa yon gout dlo! Chalè solèy la cheche yo nèt. | 
| 18. | Bann vwayajè yo kite chemen yo pou y' al dèyè dlo. Yo pèdi nan dezè a. Yo mouri. | 
| 19. | Vwayajè ki soti nan peyi Cheba ak nan peyi Saba ap touye tèt yo chache dlo. | 
| 20. | Yo pa ka jwenn. Rive devan ravin lan, yo pa konn sa pou yo fè. | 
| 21. | Wi, mezanmi. Nou tankou yon ravin chèch pou mwen. Nou wè nan ki eta mwen ye, nou pè, n'ap renka kò nou dèyè. | 
| 22. | Eske m' te mande nou pou nou fè m' kado kichòy? Osinon pou nou fè yon moun kado pou mwen nan sa nou genyen? | 
| 23. | Eske mwen te mande nou pou nou vin wete m' anba grif yon lènmi, osinon pou nou delivre m' anba men yon moun k'ap fè m' soufri? | 
| 24. | Bon. Pale avè m'. Si m' antò, fè m' wè kote m' antò a. Lè sa a, m'a pe bouch mwen. M'a koute nou. | 
| 25. | Pawòl ki pale verite bon pou tande. Men, m' pa wè sa nou vle di m' la a. | 
| 26. | Ou di mwen fin dekouraje. Se depale m'ap depale. Poukisa atò w'ap kritike pawòl mwen yo konsa? | 
| 27. | Konsa tou, ou ta rive jwe lajan sou tèt timoun san papa. Ou ta fè lajan sou tèt bon zanmi ou. | 
| 28. | Koulye a, monchè, tanpri, gade m' nan je. Mwen p'ap ba ou manti. | 
| 29. | Tounen non! Pa fè m' lenjistis sa a! Tounen, mwen di ou. Se kòz mwen m'ap defann. | 
| 30. | Eske se manti m'ap bay? Dapre nou, mwen pa konnen sa ki byen ak sa ki mal? | 
| ← Job (6/42) → |