← Job (41/42) → |
1. | Eske ou ka pran levyatan an nan zen? Eske ou ka mare lang li ak yon kòd? |
2. | Eske ou ka pase yon bwa wozo nan nen l'? Eske ou ka pèse machwè l' ak yon gwo zen? |
3. | Eske li pral mande ou: Tanpri souple, kite m' ale? Eske l'ap pale dous avè ou? |
4. | Eske l'ap pase kontra avè ou pou l' sèvi ou pou tout tan? |
5. | Eske ou ka mare l' tankou yon ti zwezo pou pitit fi ou yo ka jwe avè l'? |
6. | Eske moun k'ap fè lapèch yo pral fè lajan avè l'? Eske machann yo pral koupe l' an moso pou yo vann? |
7. | Eske ou ka pike tout po kò l' ak fwenn? Eske ou ka pèse tèt li ak yon fwenn? |
8. | Seye mete men ou sou li yon grenn fwa, ou p'ap janm fè sa ankò, lè w'a chonje sa l'a fè ou! |
9. | Depi ou wè levyatan an, ou pèdi tout kouraj ou. Ou annik wè l', ou tonbe atè. |
10. | Si yo leve l' nan dòmi, li move. Pa gen moun ki ka kanpe devan l'. |
11. | Ki moun ki ka atake l' san anyen pa rive l'? Pa gen moun sou latè ki ka fè sa. |
12. | Mwen pa bezwen di ou anyen sou pa t' janm li yo. Men, m'a fè ou konnen pa gen bèt ki gen fòs pase l'. |
13. | Pesonn pa janm rive dechire premye po li. Ni pesonn pa janm rive pèse karapas li. |
14. | Ki moun ki janm fòse l' louvri bouch li? Dan nan bouch li, se bagay ki pou fè moun kouri. |
15. | Tout do l', se yon seri gwo kal mare yonn ak lòt. Yo di kou wòch. |
16. | Yo kole yonn ak lòt, yo fè yon sèl. Pa gen yon ti fant nan mitan yo pou lè pase. |
17. | Yo sitèlman byen kole yonn ak lòt anyen pa ka separe yo. |
18. | Lè l' estènen, limyè fè yan-yan. Je l' klere tankou solèy lè l'ap leve. |
19. | Flanm dife ap soti nan bouch li. Tensèl dife ap vole soti ladan l'. |
20. | Lafimen ap soti nan tout twou nen l' tankou nan yon chodyè k'ap bouyi sou dife. |
21. | Souf li ta ka limen bwa dife. Flanm dife ap soti nan bouch li. |
22. | Se nan kou li tout fòs li ye. Depi moun wè l', kè yo kase. |
23. | Po li fè kal kal sou tout kò li. Yo kole yonn ak lòt. Yo di kou wòch. |
24. | Kè li di kou wòch, li pa pè anyen. Li fèm kou wòl moulen. |
25. | Lè li leve kanpe, ata gwonèg yo pè. Yo kouri san gad dèyè. |
26. | Pa gen nepe ki ka blese l'. Ni fwenn, ni lans, ni flèch pa ka fè l' anyen. |
27. | Pou li, nenpòt bout fè lejè kou pay, nenpòt bout asye mou tankou bannann mi. |
28. | Pa gen kout flèch ki pou fè l' kouri. Wòch fistibal, se boul koton pou li. |
29. | Yon baton fè se yon bwa mayi pou li. Li ri lè yo voye lans sou li. |
30. | Anba vant li graj graj tankou moso kannari kraze. Kote li pase nan labou a, li make l' tankou machin k'ap kraze boul tè nan jaden. |
31. | Lè l' plonje, li boulvèse fon lanmè a, se tankou dlo nan chodyè k'ap bouyi sou dife. Li fè l' bouyi tankou dlo nan veso y'ap boule odè. |
32. | Lè l'ap naje, li kite nan dlo a yon chemen ki klere nan solèy la. Li fè tout lanmè a kimen. |
33. | Pa gen bèt tankou l' sou latè. Bondye kreye l' pou l' pa janm pè anyen. |
34. | Li gade bèt ki pi fewòs yo nan je. Se li ki wa tout bèt sovaj yo. |
← Job (41/42) → |