| ← Job (39/42) → | 
| 1. | Eske ou konnen lè kabrit mawon yo ap fè pitit? Eske ou janm wè kote fenmèl yo ap miba? | 
| 2. | Eske ou konnen konbe mwa yo pote yon pitit nan vant yo? Kilè pitit yo rive dat pou yo fèt? | 
| 3. | Eske ou konnen lè yo pral kwoupi pou miba, lè y'ap fè pitit yo nan mitan dezè a? | 
| 4. | Pitit yo grandi, yo pran fòs, yo kite manman yo, y' ale, yo pa tounen. | 
| 5. | Ki moun ki bay bourik mawon libète yo? Ki moun ki lage yo nan savann? | 
| 6. | Mwen ba yo dezè pou kay yo. Mwen kite yo viv nan savann tè sale a. | 
| 7. | Tout bri k'ap fèt nan lavil yo pa di yo anyen. Pesonn pa ka donte yo pou fè yo travay. | 
| 8. | Yo mache nan tout mòn yo dèyè manje. Y'ap chache fèy vèt pou yo mete anba dan yo. | 
| 9. | Eske ou ka fè bèf mawon travay pou ou? Eske l'ap rete pase nwit mare nan lakou kay ou? | 
| 10. | Eske ou ka pase kòd nan kou yonn pou fè l' raboure tè a pou ou? Eske ou ka fè l' rale chari pou woule tè jaden ou yo? | 
| 11. | Eske ou ka konte sou gwo fòs kouraj li pou fè li travay di pou ou? | 
| 12. | Eske ou kwè l'ap asepte pote rekòt ou soti nan jaden? Eske l'ap asepte ranmase grenn ou yo sou glasi? | 
| 13. | Otrich alèz lè l'ap bat zèl li, men, li pa ka vole tankou sigòy. | 
| 14. | Otrich la ponn ze l' yo atè konsa. Se chalè tè a ki fè yo kale. | 
| 15. | Li pa konnen nenpòt moun k'ap pase ka pile yo, nenpòt bèt nan raje ka kraze yo anba pye. | 
| 16. | Li fè tankou ze yo pa pou li. Sa pa di l' anyen si li bay tèt li tout lapenn ponn ze yo pou gremesi, | 
| 17. | Se mwen menm, Bondye, ki fè l' sòt konsa, ki pa ba li lespri menm. | 
| 18. | Men, lè l' pran kouri, nanpwen kavalye sou chwal ki ka pran devan l'. | 
| 19. | Eske se ou menm ki bay chwal yo fòs, ki mete bèl krenyen sou kou yo? | 
| 20. | Eske se ou ki fè yo sote ponpe tankou kabrit, ki fè yo ranni pou fè moun pè? | 
| 21. | Y'ap pyafe konsa nan ti fon yo, y'ap bat tè a ak zago yo. Yo kouri ak tout fòs yo lè yo nan lagè. | 
| 22. | Se brave danje yo ye. Yo pa janm pè anyen. Pa gen zam ki pou fè yo fè bak. | 
| 23. | Lè konsa, ti sak flèch ki nan do kavalye yo ap fè bri. Lans ak frenn ki nan men yo ap fè zèklè. | 
| 24. | Yo eksite, yo pa ka tann. Y'ap kouri sou lènmi an. Lè yo tande twonpèt la soufle, yo pa ka rete an plas. | 
| 25. | Chak fwa twonpèt la soufle, yo fè han! Yo gen tan pran sant batay la byen lwen. Yo tande chèf yo k'ap pase lòd byen fò. | 
| 26. | Eske se ou ki moutre grigri jan pou l' vole lè li louvri zèl li yo vole ale nan sid? | 
| 27. | Eske se ou ki bay malfini lòd pou li fè nich li byen wo sou tèt mòn yo? | 
| 28. | Li rete sou tèt gwo wòch yo. Se la li pase nwit. Kote l' ye a, moun pa ka vin pran l'. | 
| 29. | Se la li rete, l'ap veye bèt pou l' trape manje. Li te mèt byen lwen, l'ap wè yo ak je li. | 
| 30. | Se san bèt ti malfini yo bwè. Kote ki gen kadav, se la yo ye. | 
| ← Job (39/42) → |