← Job (38/42) → |
1. | Lè sa a, nan yon gwo van tanpèt, Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa: |
2. | -Kisa ou ye menm pou w'ap poze keksyon sou plan travay mwen ak yon bann diskou ki pa vle di anyen? |
3. | Mete gason sou ou! M' pral poze ou keksyon. Pare kò ou pou ou reponn mwen. |
4. | Kote ou te ye lè m' t'ap fè latè? Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay! |
5. | Ki moun ki te deside lajè l'ap genyen? Ki moun ki te pran mezi l'? Eske ou konn sa? |
6. | Sou kisa fondasyon latè chita? Ki moun ki te poze wòch ki kenbe l' la? |
7. | Jou maten sa a, tout zetwal yo t'ap chante, tout sèvitè Bondye yo t'ap bat bravo. |
8. | Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete soti nan vant latè a? |
9. | Lè mwen kouvri lanmè a ak nwaj, lè mwen vlope l' nan gwo nwaj nwa yo, |
10. | mwen bay lanmè a bòn li. Mwen mete pòt avèk kle pou kenbe l' nan plas li. |
11. | Mwen di l': Men limit ou. Pa depase l'. Se la m'ap kraze fòs lanm ou yo. |
12. | Jòb, èske yon sèl fwa ou janm bay lòd pou maten rive? Ou janm bay lè pou bajou kase? |
13. | Eske ou janm bay devanjou l' lòd pou l' klere sou tout latè, l' pou l' fè mechan yo soti nan twou yo? |
14. | Lè sa a, tout mòn yo ak tout fon yo parèt aklè, tankou mak pye bèt nan labou. Yo pran koulè yo, ou ta di yon rad latè mete sou li. |
15. | Limyè solèy la antrave mechan yo nan travay yo. Yo blije kite mechanste yo te pare pou fè a. |
16. | Eske ou te desann jouk kote sous lanmè a pete a? Eske ou te mache nan fon lanmè a? |
17. | Eske yo te janm moutre ou pòtay peyi lanmò a? Eske ou te janm wè pòt ki louvri sou gwo twou san fon an? |
18. | Eske ou gen lide ki lajè latè a genyen? Reponn mwen non, si ou konnen! |
19. | Eske ou konnen ki bò limyè soti, ki bò fènwa rete, |
20. | pou ou ka moutre yo jouk ki bò pou yo ale, osinon pou ou voye yo tounen lakay yo? |
21. | Si ou konn sa, enben, ou te fèt deja lè mwen t'ap kreye yo a. Ou pa manke gen laj sou tèt ou! |
22. | Eske ou janm rive kote yo fè depo lanèj lan? Ou janm wè depo lagrèl la? |
23. | Ou konnen depo kote m' sere yo pou lè gen move tan, pou lè batay ak lagè ap fèt? |
24. | Ou konnen ki bò solèy la leve, ki bò van lès la soti pou l' soufle sou latè? |
25. | Ou konnen ki moun ki fè wout bay lapli tonbe, ki moun ki fè chemen pou loraj la, |
26. | pou lapli tonbe sou dezè a kote moun pa rete, |
27. | pou wouze tè sèk k'ap fann nan solèy, pou fè zèb pouse nan savann? |
28. | Eske lapli a gen papa? Ki moun ki fè lawouze? |
29. | Ki bò moso glas yo soti? Lagrèl ki soti nan syèl la, ki moun ki manman l'? |
30. | Se yo menm ki fè dlo vin di kou wòch, ki fè tout dlo anwo lanmè a di kou wòch? |
31. | Ou ka mare zetwal Lapousiyè yo ansanm? Ou ka lage kòd ki kenbe zetwal Oryon yo ansanm? |
32. | Ou ka mennen zetwal yo soti lè lè yo rive? Ou ka bay Gwo Kabwèt la ak Ti Kabwèt la direksyon pou yo pran? |
33. | Ou konnen lwa k'ap gouvènen tout bagay nan syèl la? Eske ou ka sèvi ak lwa sa yo pou gouvènen sa k'ap pase sou latè? |
34. | Eske ou ka bay nwaj yo lòd pou yo voye gwo lapli sou ou? |
35. | Si ou bay zèklè yo lòd pou yo pati, èske y'ap reponn ou: Wi, men nou? |
36. | Ki moun ki penmèt krabye konprann lè pou li anonse dlo pral desann fè inondasyon? Ki moun ki fè gwo zwezo sa a konnen lè lapli pral tonbe? |
37. | Ki moun ki ka konte kantite nwaj ki genyen, san manke yonn? Ki moun ki ka panche yo pou vide dlo lapli, |
38. | pou pousyè tè a tounen labou, pou boul tè yo kole ansanm? |
39. | Eske se ou ki jwenn manje pou bay lyon yo manje? Eske ou bay ti lyon yo manje plen vant yo, |
40. | kote yo kache nan twou yo a, osinon kote yo kouche ap tann nan nich yo a? |
41. | Ki moun ki pare manje pou kònèy yo, lè grangou fè yo soti nan nich yo, lè pitit yo ap rele nan pye m' pou m' ba yo manje? |
← Job (38/42) → |