Job (28/42)  

1. Gen mi n anba tè kote yo jwenn ajan. Gen kote se la yo netwaye lò.
2. Yo fouye tè pou jwenn fè. Yo fonn wòch pou jwenn kwiv.
3. Yo desann ak limyè anba tè, kote ki fè nwa anpil, yo fouye byen fon nan vant latè, mezi yo kapab. Y' al chache wòch ki kache kote ki fè nwa anpil la.
4. Byen lwen, kote moun pa ka rete, kote moun pa janm mete pye yo, moun ap fouye gwo koridò anba tè. Y'ap travay pou kont yo, ak yon kòd pase nan ren yo, y'ap balanse nan twou yo.
5. Manje soti nan tè. Men, nan zantray latè a dife fin debòde.
6. Wòch latè a gen bèl pyè safi ladan l'. Nan pousyè a yo jwenn ti grenn lò.
7. Koukou pa janm konnen chemen pou ale la. Karanklou pa janm wè kote sa a ak je l'.
8. Ni lyon, ni ankenn lòt bèt nan bwa, pa janm mete pye yo la.
9. Yo fouye nan wòch dife. Yo fè gwo twou byen fon nan pye mòn yo.
10. Yo fè gwo koridò byen long nan wòch yo. Yo jwenn tout kalite bèl pyè bijou ki koute chè.
11. Yo fouye nan sous tèt dlo yo tou. Yo mete deyò tou sa ki te kache.
12. Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm?
13. Lèzòm pa konnen sa pou yo fè pou yo mete men sou li. Yo pa jwenn li ankenn kote sou latè.
14. Fon lanmè a deklare li pa gen bagay konsa. Lanmè a deklare bon konprann pa lakay li.
15. Ou te mèt gen lò, ou pa ka achte l'. Ou pa ka bay lajan pou ou genyen l'.
16. Li gen plis valè pase lò peyi Ofi a. Bèl pyè oniks ak safi pa ka parèt la.
17. Yo pa ka konpare l' ni ak lò ni ak bèl kristal. Yo pa ka boukante l' pou yon bèl veso fèt an lò.
18. Pou grenn koray ak wòch kristal menm, yo pa ka parèt la. Pito ou al dèyè bon konprann pase ou ale dèyè bèl pyè lanbi.
19. Topaz peyi Letiopi pa vo anyen devan l'. Pi bon lò a pa ka konpare ak bon konprann.
20. Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm?
21. Pa gen moun, pa gen bèt ki ka wè l', pa menm zwazo k'ap vole nan syèl la.
22. Ata lanmò ak simityè di se tande yo tande nonmen non l'.
23. Se Bondye ase ki konn chemen an. Se li ase ki konnen kote li rete.
24. Paske Bondye wè dènye bout latè. Li voye je l', li gade tou sa ki anba syèl la.
25. Lè Bondye t'ap bay van yo pèz yo, lè li t'ap bay dlo lanmè a mezi kote pou l' rive a,
26. lè li t'ap bay lòd kote pou lapli tonbe ak chemen pou loraj yo pran lè y'ap gwonde,
27. se lè sa a li te wè bon konprann, li wè sa li vo. Li egzaminen l' byen egzaminen, li sonde l' byen sonde.
28. Apre sa, Bondye di moun konsa: -Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri.

  Job (28/42)