← Job (25/42) → |
1. | Bildad, moun lavil Chwa a, pran lapawòl, li di konsa: |
2. | -Bondye se chèf. Li fè tout moun respekte l'. Li fè tout moun nan peyi ki nan syèl la viv ak kè poze. |
3. | Ki moun ki ka konte kantite zanj k'ap sèvi l'? Pa gen kote limyè Bondye a pa klere. |
4. | Atò, moun ka konprann yo gen rezon devan Bondye? Pitit fanm pouse met atè ka san repwòch devan li? |
5. | Nan je Bondye, menm lalin lan pa klere ase. Pa gen yonn nan zetwal yo ki bon nèt pou li. |
6. | Ale wè pou moun, yon vètè, yon ti krebete! Kisa yo vo nan je Bondye? |
← Job (25/42) → |