← Job (22/42) → |
1. | Lè sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl. Li di konsa: |
2. | -Eske yon moun ka itil Bondye? Non! Ata moun ki gen bon konprann yo, se tèt yo ase yo itil. |
3. | Lè ou fè sa ki byen, ki enterè Bondye ki gen tout pouvwa a jwenn nan sa? Sa sa rapòte l' lè ou mennen bak ou dwat? |
4. | Eske se paske ou gen krentif pou Bondye kifè l'ap rale zòrèy ou konsa, kifè l'ap trennen ou nan tribinal li? |
5. | Non. Se paske ou fè anpil peche. Se paske ou te san limit nan fè mechanste. |
6. | Ou fè frè ou ba ou garanti pou lajan li pa t' dwe ou. Ou pran ata rad ki sou li, ou kite l' toutouni. |
7. | Ou refize bay moun ki te swaf yo ti gout dlo. Ou refize bay moun ki te grangou yo moso pen. |
8. | Ou pwofite fòs ou ak pozisyon ou pou pran tout peyi a pou ou. |
9. | Ou refize lonje men ou bay vèv yo. Ou maltrete timoun ki san papa yo. |
10. | Se poutèt sa, kote ou rive se pèlen yo pare pou ou. Ou rete konsa, kè ou kase. |
11. | Sitèlman fè nwa, ou pa ka wè. Ou nan dlo jouk nan kou! |
12. | Eske se pa anwo nèt nan syèl la Bondye rete? Se anba pou li voye je l' pou l' ka wè zetwal yo. |
13. | Ou konn sa, epi w'ap di: Sa Bondye ka konnen? Li kache dèyè nwaj yo, ki jan pou l' jije sa k'ap pase sou latè? |
14. | Nwaj yo twò pwès, li pa ka wè. Se sou fetay syèl la l'ap mache. |
15. | Ou vle mache pye pou pye dèyè mechan yo, nan move chemen yo te toujou pran depi lontan an! |
16. | Yo mouri anvan lè yo tou. Yo tankou lavalas: anvan ou bat je ou, yo pase. |
17. | Yo menm tou yo t'ap di Bondye: Wete kò ou sou nou! Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ka fè nou? |
18. | Atò, se Bondye menm ki te plen kay yo ak richès. Mwen pa janm konprann ki jan mechan yo ka fè di sa. |
19. | Men, lè y'ap pini mechan yo, moun ki mache dwat yo va kontan, inonsan yo va pase yo nan rizib. |
20. | Gade jan grannèg yo fini non! Dife boule tou sa yo te genyen. |
21. | Jòb monchè, byen ak Bondye ankò, tande! Sispann chache l' kont! |
22. | Koute pawòl li t'ap di ou yo. Kenbe yo nan kè ou. |
23. | Wi, tounen vin jwenn li, san lògèy nan kè ou. Sispann fè sa ki mal lakay ou. |
24. | Voye tout lò ou jete nan fatra. Pi bon pyès lò ou yo, jete yo nan galèt larivyè. |
25. | Se Bondye ki gen tout pouvwa a ki va tout lò ou. Se li menm ki va gwo pil lajan byen wo pou ou. |
26. | Paske, lè sa a, se nan Bondye ki gen tout pouvwa a w'a jwenn tout plezi ou. Se sou Bondye w'a toujou gade. |
27. | Lè w'a lapriyè nan pye l', l'a reponn ou. W'a kenbe tout pwomès ou fè l' yo. |
28. | Tout zafè ou va mache byen. Limyè va klere byen bèl sou tout wout ou. |
29. | Bondye kraze lògèy moun awogan. Men, li sove moun ki bese tèt devan li. |
30. | L'ap delivre ou si ou inonsan. L'a sove ou, si ou pa janm sal men ou nan anyen. |
← Job (22/42) → |