← Job (15/42) → |
1. | Fwa sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl ankò, li di konsa: |
2. | -Lè yon moun gen bon konprann, se pa avèk pawòl anlè pou li reponn. Li p'ap chita ap fè jazè. |
3. | Li p'ap rete ap defann tèt li ak mo ki pa vle di anyen, ak bèl diskou ki pa sèvi anyen. |
4. | Ou menm menm, ou al pi lwen. Dapre sa ou di la a, moun pa bezwen gen krentif pou Bondye ankò. Pa gen nesesite pou moun lapriyè Bondye. |
5. | Jan ou pale a, yo wè ou se yon moun ki mechan nan fon kè ou. Ou pale tankou moun k'ap kache yon bagay. |
6. | Se bouch ou menm k'ap kondannen ou. Se pa mwen. Se pawòl nan bouch ou menm k'ap fini avè ou. |
7. | Manyè di m' non: Eske se ou menm premye moun Bondye te fè? Eske ou te fèt anvan tout mòn yo? |
8. | Eske ou te la lè Bondye t'ap fè plan travay li, kifè ou konnen pase tout moun? |
9. | Kisa ou konnen nou menm nou pa konnen? Kisa ou konprann nou menm nou pa ka konprann? |
10. | Se nan bouch granmoun lontan, granmoun cheve blan ki pi gran pase papa ou nou pran tout konesans pa nou. |
11. | Poukisa ou pa asepte ankourajman Bondye voye ba ou a? Poukisa ou pa koute nou? N'ap pale byen dousman avè ou la a. |
12. | Men, gade jan ou move! W'ap louvri je ou sou nou! |
13. | W'ap pase kòlè ou sou Bondye. W'ap plede joure l'. |
14. | Ki jan ou ta vle pou moun san repwòch devan Bondye? Pou moun ki soti nan vant fanm gen rezon devan Bondye? |
15. | Ata zanj li yo, Bondye pa fè yo konfyans. Yo menm tou yo pa fin bon nèt nan je l'. |
16. | Ale wè atò pou moun, ki pèvèti, ki pa vo anyen, ki fè mechanste tankou yo bwè dlo! |
17. | Koulye a, Jòb, koute m'. Kite m' esplike avè ou! Mwen pral di ou sa mwen menm mwen wè. |
18. | Moun ki gen bon konprann moutre m' anpil verite. Yo pa t' kache m' anyen. Yo menm, se nan bouch granmoun lontan yo te pran l'. |
19. | Granmoun sa yo t'ap viv nan peyi Bondye te ba yo pou yo menm ase, san ankenn moun lòt nasyon pa t' mele ak yo. |
20. | Mechan yo pase tout lavi yo nan tèt chaje. Moun k'ap plede maltrete parèy yo p'ap viv lontan. |
21. | Rèl moun k'ap soufri yo ap kònen nan zòrèy yo. Lè zafè yo pi bon, se lè sa a vòlè tonbe sou yo. |
22. | Yo pa gen espwa chape nan fènwa a, paske manchèt pare ap tann yo. |
23. | Y'ap kouri adwat agoch, y'ap chache manje. Yo konnen wè pa wè y'ap pran yo. |
24. | Lanmò fè yo pè. Malè ak lafliksyon ap tonbe sou yo tankou yon wa ki tou pare pou batay. |
25. | Men sa k'ap tann moun k'ap lonje men nan figi Bondye, moun ki pa pè kenbe tèt ak Bondye. |
26. | Yo kache dèyè pwotèj anfe yo epi yo fonse sou Bondye. |
27. | Figi yo gra kou chat. Men gwosè vant yo ak grès! |
28. | Yo rete nan lavil ki fin kraze, nan kay moun kouri kite, kay ki fin tounen mazi. |
29. | Yo p'ap janm rich toutan. Sa yo genyen an la pou yon tan. Menm lonbray yo ap disparèt. |
30. | Yo p'ap ka kouri pou fènwa a. Y'ap tankou yon pyebwa dife boule tout branch li yo epi van bwote tout flè l' yo ale. |
31. | Yo pa bezwen konte sou pozisyon yo. Nou konnen sa p'ap sèvi yo anyen. |
32. | Anvan yo donnen, branch yo ap fennen. boujon yo p'ap pouse fèy ankò. |
33. | Y'ap tankou yon pye rezen ki pèdi tout grap rezen vèt yo, tankou yon pye oliv ki pèdi tout flè l'. |
34. | Wi, mechan yo p'ap gen pitit. Dife ap boule tout kay yo bati ak lajan yo volè. |
35. | Lè yon moun ap chache fè moun mal, se sou li malè a tonbe. Se pwòp tèt li l'ap twonpe. |
← Job (15/42) → |