| ← Genesis (5/50) → |
| 1. | Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l'. |
| 2. | Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun. |
| 3. | Adan te gen santrantan lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l' tèt koupe, li rele l' Sèt. |
| 4. | Apre nesans Sèt, Adan viv witsanzan. Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
| 5. | Lè Adan mouri li te gen nèfsantrantan. |
| 6. | Sèt te gen sansenkan lè li vin gen yon pitit gason yo te rele Enòk. |
| 7. | Apre nesans Enòk, Sèt viv witsansetan. Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
| 8. | Lè Sèt mouri, li te gen nèfsandouzan. |
| 9. | Enòk te gen katrevendizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Kenan. |
| 10. | Apre nesans Kenan, Enòk viv witsankenzan. Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
| 11. | Lè Enòk mouri, li te gen nèfsansenkan. |
| 12. | Kenan te gen swasanndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Malaleyèl. |
| 13. | Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan. Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
| 14. | Lè Kenan mouri, li te gen nèfsandizan. |
| 15. | Malaleyèl te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Jerèd. |
| 16. | Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan. Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
| 17. | Lè Malaleyèl mouri, li te gen witsankatrevenkenzan. |
| 18. | Jerèd te gen sanswanndezan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk. |
| 19. | Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan. Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
| 20. | Lè Jerèd mouri, li te gen nèfsanswasanndezan. |
| 21. | Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela. |
| 22. | Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan. Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
| 23. | - |
| 24. | Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'. |
| 25. | Metouchela te gen sankatrevensètan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk. |
| 26. | Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan. Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
| 27. | Lè Metouchela mouri, li te gen nèfsanswantnevan. |
| 28. | Lemèk te gen sankatrevendezan lè li vin gen yon pitit gason. |
| 29. | Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a. |
| 30. | Apre nesans Noe, Lemèk viv senksankatrevenkenzan. Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
| 31. | Lè Lemèk mouri, li te gen sètsanswasanndisetan. |
| 32. | Noe te gen senksanzan lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè. |
| ← Genesis (5/50) → |